Byografi

Jou 20 novanm 2008 la, Asanble Komisyonè Konte Miami-Dade la eli Komisyonè Dennis C. Moss de Distrik 9, yon veteran de 15 ane, kòm Prezidan Asanble an pou ane 2009-2010 la. Li te inogire jou 18 desanm 2008 nan yon seremoni ofisyèl prezante pa prezidan kap kite pòs la. Li te kòmanse nan pòs sa a jou 1 janvye 2009. Miami-Dade genyen 13 komisyonè eli nan yon eleksyon san pati politik, nan yon eleksyon ki fèt distrik pa distrik epi yo sèvi dè tèm, ki an dekalaj,  de katran chak, ak eleksyon chak dezan, san limit nan tèm pou sèvi yo. Nan chak sik elektoral, yo chwazi yon nouvo Prezidan ak yon nouvo Vis Prezidan ki pou sèvi pou dezan. Se Komisyonè José "Pepe" Diaz ki eli kòm Vis Prezidan.

Eleksyon 2008 la nan pòs Prezidan Komisyon an tonbe anmenmtan ak kòmansman senkyèm tèm konsekitif li kòm reprezantan Distrik 9. Distrik komisyon li, nan pwedvi jeyografikman, se distrik ki pi gwo e pi divèsifye nan konte a.

Komisynè Moss ap sèvi kounye a kòm Prezidan Komite Lojman, Sèvis Sosyal ak Devlopman Ekonomik ki responsab pou sipèvize kesyon ki gen rapò ak lojman piblik abòdab, mendèv, edikasyon, asistans kominotè, sèvis sosyal ak devlopman ekonomik, kreyasyon travay, amelyorasyon katye, ak inisyativ otosifizans. Yo te chwazi li kòm Vis Prezidan Komite Transpò ak Finans epi yon manm nan Komite Touris, Komite Pò, Konseye Politik Prezidan Konsèy la ak Sou Komite Disparite Kominotè a.

Yo rekonèt Komisyonè Moss kòm yon moun ke yo respekte, admire paske li konn ni fè ni kenbe pwomès li yo. Yo te eli li pou premye fwa yon ti tan apre Siklòn Andrew, youn nan pi gwo katastròf natirèl nan listwa Lèzetazini, Komisyonè Moss imedyatman te konsantre tout efò li sou rekonstriksyon Sid Miami-Dade. Jefò san parèy li an bay kòm rezilta yon plan detaye pou rekonstriksyon zòn an detrès epi dezevre yo ki te plis afekte pa Siklòn Andrew. Nan jou 7 Septanm 1993, Plan Moss la, te apwouve pa Asanble Komisyonè Konte an.

Kèk nan reyisit li yo enkli: sovgade "Homestead Airforce Base" la epi mennen nan Sid Dade la yon lopital piblik, yon sant kiltirèl, yon distilri diven, yon ekstansyon nan wout bis la rive jis Florida City anplis de yon pak lwazi pwopoze nan Metrozoo. Komisyonè Moss te enstrimantal nan kreyasyon Team Metro, 311, ak distribye pliske  250 sibvansyon pa ane nan ti biznis ki chita nan kominote yo ki rele  "Mom & Pop Businesses". 

Komisyonè Moss chita kòm Prezidan Asanble Jesyon Zoo an ki administre zoo "Miami Metro Zoo" ak asanble "Community Image Advisory Board" la ki genyen kòm responsabilite amelyore antretyen ak estetik wout prensipal  nou yo ak lokal transpò piblik nou yo. Li se tou manm Konsèy Planifikasyon Rejyonal Sid Florid ki genyen kòm wòl pou li idantifye defi alontèm yo ak opòtiniute yo ke Sidès Florid la ap konfwonte epi asiste lidè yo nan rejyon an nan devlopman ak enplantasyon estrateji kreyatif yo ki kapab mennen a dè kominote ki pi rich ak ekitab, yon anviwonnman pi pwòp ak pi sen ak yon ekonomi ki pi fò.

Komisyonè Moss te sèvi tou kòm prezidan onorè pwogram Vil Sè Bahamas yo, epi kòm Prezidan Gwoup Espesyalize Estrikti Gouvènmantal, yon gwoup ki vize kouman ede Konte an idantifye efikasite ak bon fonksyonnman gouvènman. Anba ansyen Gouvènè Lawton Chiles, Komisyonè Moss te nonmen nan pòs Gwoup Espesyalize Izaj Agrè ak Planifikasyon Dlo.

Kòm yon moun ki abite tout vi li nan Distrik 9, Komisyonè Moss patisipe aktivman nan zafè kominote an epi yo nonmen li plizyè fwa pou li sèvi nan sèten komite ak asanble ki enkli "Community Action Agency, the South Dade Alliance for Black Neighborhood Development, ak the Metro-Miami Action Plan Trust".  Pou pliske 20 ane, Komisyonè Moss te sèvi kòm Direktè Egzekitif klib "Richmond Perrine Optimist Club", kote ajans liyan te mete sou pye dè pwogram pou delenken ak jenès vilnerab yo, ak fanmi ki dezevre yo.

Komisyonè Moss diplome de klas 1974 de kolèj "Grinnell College", Grinnell, Iowa, kote li te pran yon Lisans an Ekonomi.  Li marye ak Margaret Hawkins-Moss epi yo genyen twa timoun.

Revized: 10 desanm 2008

Dennis C. Moss

Dennis C. Moss